Madebat (Rale Kòd La) [Kanaval 2016]-K-Zino

Genre-Kanaval
Year-2016
Mesye dam lasosyete men ti Sixto parèt fwa sa ak K-zino pote pou nou
Nou ka toujou fè politik gen gwo djaz, gen ti djaz,
K-zino li menm ou wè li, se djaz la relèv la
Alleluia pou Ayiti k kouche sou do kap soufri
Se nou k pou sove l, nou pa gen dwa kite l peri
Ayibobo pou eritaj sa zansèt nou fè n kado
Ann leve byen wo koulè drapo n montre sa n vo
Ayisyen moman rive pou n fon w tèt kole
Chanje mantalite n si n vle dekole
Chirepit pap mennenn okenn kote
Frè ak sè nou ye ann ale
Ramase fyète n pou nou avanse
N te fè revolusyon pou nou te libere
Wi lè a rive pou n rekòmanse
Ann leve kanpe se ase
Ayibobo pou eritaj sa zansèt nou fè n kado
Ann leve byen wo koulè drapo n montre sa n vo
Nou di nou renmen Ayiti
Nou se Pitit Dessalin nou pa vle fè lapeh
Bon jan konsyans patriyotik yon konbit sitwayen ka fè sa chanje
Yon lavalas pèp kap lite, ak konviksyon tèt kale nou ka vanse
An verite nou fè l deja, moman rive pou nou revòlte
Revòlte (2x)
Ayisyen di koulangèt djaz sa pa nan manligèt depi l rive se men nan tèt
Tele Haiti, nenpòt jan l ye a
Nenpòt jan l ye a, whatever jan l ye a
Channmas men K-zino rive fè m tande w – podod pow
Nenpòt jan l ye a, whatever jan l ye a
Channmas men K-zino rive nou pral karote
Kapote nou pral kapote,
Leve menn alè – a dwat
Leve menn alè - a goch
Nenpòt jan l ye a, whatever jan l ye a
Channmas men K-zino rive fè m tande w – podod pow
Nenpòt jan l ye a, whatever jan l ye a
Black Alex rest in peace
Black Alex pou sa w fè nou pap janm bliye w
Ou te travay pou w te leve kilti nou wo
Pèp Ayisyen aprann apresye sa nou genyen
Jodi l ka la demen l ka twò ta
Zanmi kote w te ye – nou la, nou la
Zanmi apa m pa wè w non – se kòd la ki long
Rale kòd la (3x)
Pa kite li kase
[2x]
Padann yap rale kòd nou menm n ap ba yo kòd
Ranje kòw dèyè pòt la pou w pa pran kout pòt
Louloup louloup – eyap pa
Hey hey – eyap pa
[3x]
Chalmas
Eh eh, yo mele, yo mele, yo mele
Djaz sa son w toro gronde pa pote boure
Sou li pa vin se kòd kap pouse – nou anlè
Banm men goch la – tann goch la
Banm men dwat la – tann dwat la
Chaje chaje voye monte voup
Voye monte voup
Voup
Toro frape l atè [3x]
Anmwey (3x)
Pwoblèm nan boule fò m rele
Neg lari bwase pou yo ka manje
konsa konsa ou pap ka konprann lè w neg lari wa konprann
rastaman fimen pay pou l pa nan briganday
konsa konsa ou pap ka konprann lè w rastaman wa konprann
toto beat nap sonnen pou neg lari yo
woy woy woy lè w neg lari wa konprann
woy woy woy lè w rastaman wa konprann
sou channmas nap monte gad jan nap byen pase
konsa konsa ou pap ka konprann lè w K-zino wa konprann
lè m di sak pase nou reponn nap boule
konsa konsa ou pap ka konprann lè w Ayisyen wa konprann
Anmwey (3x)
Pwoblèm nan boule fò m rele
woy woy woy lè w K-zino wa konprann
woy woy woy lè w Ayisyen wa konprann
ou pa ka Ayisyen – wi
pou w pa konn trip konsa – hein hein
ou pa ka Ayisyen – wi
pou w pa konn ti vibe sa – hein hein
tande sa lè m di krik n ap di krak
krik - krak (2x)
Tim tim – bwasèk (2x)
Tonton Bouki – eya eya
Si n danse – n ap danse konsa
Men anlè – men anlè konsa
Bat bravo – bat bravo konsa
Krapo – plètil manman
Ann al nan T-Micky – non manman n pa kapab non
Ann al nan Kreyòl La– non manman n pa kapab non
Ann al nan Carimi – non manman n pa kapab non
E si m di K-zino – hey hey madebat
Hey hey
Yo cho
Mayo anlè – yo cho
Chemiz anlè – yo cho
Drapo anlè – yo cho
Vire vire vire – yo cho (2x)
Krapo – plètil manman
Ann al nan Bèl Plezi – non manman n pa kapab non
Ann al nan Barikad– non manman n pa kapab non
Ann al nan Rockfam – non manman n pa kapab non
E si m di K-zino – hey hey madebat